Magazine Culture

Nan do lavi se fas lanmò

Publié le 14 novembre 2014 par Fredlafortune

                                       ( OMAJ POU JEAN MARY GABRIEL )

Nan do lavi se fas lanmò
Douvan de pye n lanmò kwaze
Lavi n mezire nan poban
Lanmò boubou n nan gwo kalbas

Lavi n se lanm lanmè
Lavi n se van karèm
Lavi n klopiklopan
Lavi n miwomiba
Lavi n chanje koulè
Lavi n chanje kadè
Nan dlo lavi rivyè lanmò
Lanmò kraze douvan de pye n 
Ale w fè dlo je inonde Bisantnè
Ale w koke nan matris ri Chavàn
Nou vini pou n ale
Nou se van fòk n ale
W ale kite lavi dèyè
Ap kriye san bò granchimen
Ou pran sèso nan wòb lanmò
Tout flè ap chache wout fennen
 
Lanmò nan do l trangle lavi
Anba plan pye n lanmò kwaze
Babay lavi bonjou Bawon
De pye devan yo ba w ochan
 
Pye kout pran devan
Ou Pike pi devan
Ou chanje koulè plezi
Koulè pwezi
Ou pran chaplè w
w ale anpè
 
Nan do lavi se fas lanmò
Douvan de pye n lanmò kwaze
Si sa posib
Na wè ankò

HENRI KERVEN LAFORTUNE


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossiers Paperblog

Magazine