Magazine Société

Rezolisyon 7 me Konsèy Prezidans pou Tranzisyon an kòrèk kontrèman a sa Kolektif 30 Janvye a panse

Publié le 17 mai 2024 par A1y8i0t4i

Kolektif 30 Janvye (K30J) kritike Rezolisyon 7 me 2024 Konsèy Prezidan pou Tranzisyon (KPT) an sou gwo desizyon ki pou pran avèk majorite 5 manm sou 7 (majorite 2/3) e chita sou baz yon prezidans derechanj. Nan lide pou satisfè revandikasyon gwoupman politik kote kèk manm pami 7 yo soti, Rezolisyon an mete nan kategori gwo desizyon sila tout fonksyon yon prezidan ki nan atik 139-147 konstitisyon peyi a. Pou eksprime dezakò ak pozision K30J a, tèks sila ap :

Demontre Rezolisyon 7 me a se yon bon demach pou retabli konfyans nan KPT a ;

Idantifye vrè objektif tout pati yo nan akò a ;

Pou li fini, l ap konfime Rezolisyon KPT a se yon entèpretasyon Dekrè 12 (D12) avril 2024 e ka reentèprete nenpòt ki lè depi se pou fè konfyans vin pi solid pami yo.

K30J di Rezolisyon an pa respekte D12 la ki bay KPT a yon estati legal e di nan Atik 3 a, KPT a genyen pou chwazi youn nan 7 manm yo pou prezide li nan konsansis osnon avèk yon majorite. Pou K30J a, sa vle di demach prezidans derechanj la pa legal e KPT a ta dwe rete ak desizyon kote yo te chwazi Senatè Edgard Leblanc Fils nan konsansis pou te prezide li. K30J a pouswiv kritik la e di Rezolisyon an pa respekte A3A nan Atik 4 la ki fè KPT a senpman obligasyon pou oryante ak pilote tranzisyon an e atik 4-1 ki rete nan lespri D12 la kote pa genyen koze prezidans derechanj ni yon majorite fiks pou pran gwo desizyon yo.

Malèz K30J a se yon desizyon k ap enplike KPT a nan aksyon jesyon ak egzekisyon ki pa kadre ak misyon li pou garanti estabilite ak kontinuite leta. Se yon kalte demach ki sanble ap fè KPT a sèvi enterè patikilye ak patizan. Aksyon sila yo K30J vle pale a se tout fonksyon atik 139-147 konstitisyon peyi a defini kote yon prezidan genyen pouvwa siyati.

2 : Jwèt Malis ak Bouki

Nan yon analiz kòd rèd de règ jwèt yo, prensip ak pwosedi fonksyonman, kritik K30J yo trè kòrèk, men lè sa a, fòk yo te espesifye tout aspè règ jwèt la e entèpretasyon li nan pwosedi pou aplike li pa t tòdye depi anlagan. Dekrè a bò kote pa li pa t espesifye kalite majorite ak modèl prezidans ki pou genyen. A3A la li menm, ki se yon entèpretasyon de Dekrè a, te trike depi anlè ; kididonk li pa t sensè. Sa ki dwòl la, A3A a sanble tou pi ak yon jwèt Malis ak Bouki ki nan dilèm chat konnen rat konnen an barik mayi rete la. Se te yon kou pa konpran tout pati yo te konnen lè sa a. Yo tout t ap jwe wòl Malis ki te pran chak pami yo pou Bouki ki p ap konprann, osnon yo chak konnen yo pi Malis pase lòt pou genyen jwèt la.

Tout moun ki te enplike nan prepare mòd fonksyonman KPT a te konn kou a, men chak ta pral gade kiyès ki pi entelijan pou itilize li nan avantaj li; kòm se te ye yon twis koken, moun ki pèdi a t ap toujou pwoteste. Sa vle di si li li Tout pati yo te konnen si yo pèdi y ap mande reyajiste pwosedi yo. Tout pati yo te konnen si yo genyen yo t ap reziyen yo fè koreksyon si pati ki pèdi a revandike, menm si yo reziste. Se sa ki fè KPT a ap mache tankou tòti joukouwèl ye la.

KPT a pran Rezolisyon pou korije koken an e se yon bon aksyon pou retabli konfyans ak konvivyalite ant manm yo. K30J dwe konprann nan zafè kolektif, kenbe kòd rèd ak yon prensip tou nèf ki genyen iritan ladan li plis deranje pase li ranje; sitou si se nan moman yo fèk kòmanse ap aplike l i , pèdan yo santi enterè yo leze e leve kanpe kont sa. Anvan fòse aplike yon kalte prensip tou nèf popoupo, li t ap rasyonèl pou korije li. Konsa, pati yo ki te kòmanse ap dechire youn lòt kapab rekòmanse fè tranzaksyon antre yo nan konfyans.

Sa vle di moman ki mande pou règ jwèt, lalwa osnon pwosedi ki etabli respekte popoupo se lè li gentan aplike e ap bay rezilta satisfezan, men se pa lè li fèk kòmanse aplike. Menm la ankò, li kapab chanje aprè li fin an aplikasyon si eksperyans montre li deranje kèk gwoup moun. Si genyen yon tan long ki defini pou li chanje, kou sosyal yo kapab trè wo. Se lojik amannman konstitisyon ak lalwa. Si se moman règ la fèk ap aplike, respekte li popoupo kapab fatal pou sosyete a si li gen iritan ladan li.

Ayiti ki nan faz refè tout koze andeyò konstitisyon an malgre tout ti akomodasyon y ap fè pou li pou rann plizoumwen lejitime KPT a, se bon moman pou yo korije iritan yo jwenn ladan li. Se vre KPT a kapab pran twòp tan pou fè koreksyon, men fè koreksyon an kapab fè yo rekipere tan pèdi a olye pou yo te vanse tèt dwat ak yon règ ki kapab tou bloke li nan yon titan aprè règ la fin an aplikasyon. Tout koken dwe korije e reyajiste entèpretasyon ki nesesè anvan yo vanse. S e sa KPT a fè la ak Rezolisyon an.

Tout pati yo te konnen kisa koken an te ye. Se pouvwa siyati konstitisyon an bay yon prezidan nan yon seri fonksyon. Twis la nan atik 17 (iv) A3A. Se vre jan K30J di l, Atik 4 la se yon wòl oryantasyon ak pilotaj tranzisyon an li bay KPT a, tout aktivite ki genyen rapò ak jesyon e egzekisyon se gade ki kote konstitisyon an bay la prezidans pouvwa siyati. Se sa tout 7 manm KPT yo t ap chache.

An reyalite gen yon prezidans ki defini pou KPT a nan D12 la ak A3A a nan sans kowòdinasyon. Se yon bemòl ki poze pwoblèm e konfonn tout moun. Tout manm yo konnen li pa senpman yon kowòdinasyon vre. Si se te sa pa t ap genyen 4 kandida sou 7 manm KPT a pou pòs prezidan an. Anplis se sèl 7 manm sa yo ki genyen dwa vote. Yo pa t menm panse difikilte yo t ap genyen pou yo jwenn yon majorite paske sèlman 3 elektè ki te rete pou 4 kandida sou 7. Pa t genyen ankenn rezon pou te genyen tout kandida sa yo nan yon ti gwoup 7. Se te etonan tout 7 yo pa t kandida.

Objektif la se pa t lojik kowòdone KPT a ki te nan tèt pyèsmoun, se te sa atik 17(iv) A3A a te bay la. Se li KPT a korije la avèk Rezolisyon an, lè li mete li nan kategori gwo desizyon ki nesesite yon majorite 2/3. Rezolisyon an se yon bon reyentèpretasyon A3A de Dekrè a pou elimine tout tanta pou vini prezidan. Kontrèman a sa K30J panse a li p ap ranje enterè ankenn patikilye paske li p ap fasil pou jwenn 2/3 osnon 5 vòt sou 7 pou nome yon patizan direktè jeneral, anbasadè elatriye ki moun pa yon prezidan osnon pou yon lòt rezon.

Okontrè, li t ap pi fasil avèk majorite absoli 4/3 a ki se yon premye entèpretasyon A3A fè de D12 la. KPT a pa t ap siviv twò lontan, ak pale anpil ki ta pral genyen lè yo ta pral pase nan nome anbasadè, direktè jeneral elatriye, epi objektif tranzisyon an t ap bwè lwil. Deja ide ki te zipe yon majorite absoli 4/3 te anonse dezòd la. Lojik gwoup sa a se te jwi tout privilèj Atik 17(iv) A3A a. Men tou, se te pi gwo erè gwoup Malis sa a te fè, paske gwoup Bouki a rele sou kò li e mande chanje règ jwèt la.

Kòm se la enterè tout kandida yo te ye e yo tout te konnen objektif lòt, dakò chanje règ jwèt la pou korije iritan vin fasil antre yo, paske se sa yo tout t ap chache. Se tankou depi anvan yo te pase yon akò an silans pou akspete chanje règ jwèt la si youn nan yo pa satisfè e revandike. Rezolisyon an netralize iritan sa a e ki ap fè KPT a vanse nan tranzisyon l ap oryante ak pilote a.

Si iritan sa a pa la ankò epi se majorite 2/3 a pou fè pase tout gwo desizyon anplis de oryante ak pilote tranzisyon an, yon prezidans de rechanj jis pa fè sans. Chanje yon prezidan chak 5 mwa montre yon gwo feblès nan jesyon zafè piblik. Yon prezidan vini avèk yon vizyon, donk 4 prezidan ta dwe vle di 4 vizyon. Kididonk chak 5 mwa peyi a t ap chanje vizyon ak direktiv. Men kontradiksyon an, KPT a dwe gen yon sèl vizyon tout moun genyen pou swiv. Nan sans sa a, apwòch kolejyal ak majorite 2/3 a tap fè plis sans e pote plis konfyans ant mesye yo e kay popilasyon an.

Si kesyon an tounen sou lojik yon kowòdonatè seyans osnon aktivite KPT a, pa genyen anyen ki di tout 4 prezidan sa yo kapab kowòdone anyen ditou. Sèl ti ajisteman ki rete pou fèt se elimine koze prezidans rechanj la e li ka fèt nenpòt ki lè. KPT a tap genyen pou etabli tèm referans ki pou prezide li epi pèmèt chak prezidan yo kowòdone li. Petèt nan tatonman, KPT a te ka dekouvri ki moun nan 7 yo ki kapab pi byen fè travay la aprè chak nan yo fin eseye jouk youn demontre se li ki pi kapab. Konsa KPT a ap chwazi moun ki pi kapab kowòdone a e demontre se li ki pi bon pase tout lòt yo pou prezide li pandan tout rès tan an. Lè sa a, KPT a t ap tou fè se moun sa ki kontinye kowòdone san antre nan lojik privilèj atik 17(iv) la; nan sans sa a pa t ap bezwen genyen yon eleksyon pou yon prezidan.

Rezolisyon an pa kontredi lespri D12 la ditou, li jis ajiste entèpretasyon l la nan di ki fòm KPT ap pran pou chwazi moun ki pou prezide li pami 7 manm yo. Li tou fikse kalte majorite a D12 la pa di li dwe ye. Si D12 la pale de chwazi yon prezidan pami yo avèk yon majorite, li pa di mannyè yo dwe chwazi prezidan an. Li pa espesifye non plis ki kalte majorite KPT a dwe fikse, si se senp, absoli osnon 2/3. Prezidans derechanj la se youn nan fòm KPT a te kapab chwazi moun ki pou prezide li, men sa pa vle di se li ki pi bon. Sa vle di ki sa ? Nan entansyon pou fè reye konfyans nan KPT a : A3A a ki se yon entèpretasyon de D12 la kapab reyajiste nenpòt kilè si nesesè, depi li rete nan liy jeneral D12 la bay. Rezolisyon 7 me a pa an dezakò ditou ak D12 la ni A3A sou aspè sa yo, jan K30J vle fè kwè l la.

https://www.lenational.org/post_article.php?tri=1667


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


A1y8i0t4i 360 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine