Magazine Culture

Dezòm pèdi ak lavi

Publié le 09 novembre 2012 par Fredlafortune

Pa gen chimen bouche nan fènwa lavi;

Toujou g’on ti wout dekoupe nan lizyè solèy yon lòt douvanjou.

Moman sonb nan legzistans nou sou tè sa a

Sanble ak gwo nyaj nwa, yo toujou toutan g’on ti rebò bwode lizre ak klate.

 

 

Pwoblèm, difikilte nesesite afèpabon met anfas ou,

Gen solisyon l nan lòt fas la.

Pran tan reflechi.Travay. Defriche.Chache. Fouye.

Repons rezilta ou bezwen pajanm lwen.

Li anndan w. Li nan moun w’ap kwaze rankontre pale.

Nan bagay w’ap ranmase jete. Tout sa w’ap sere gaspiye.

Menm sa w meprize. Apresye. Koupe kout je.

 

Lè sakad van movetan, gwo toubiyon tribilasyon,

Nan mitan touman kontretan,

vini ak fòs krazebrize, fèmen pòt sou realizasyon tout rèv ou

Papanike !

Koubekoule. Demake eskive. Chanjebò.

Tout pòt nan lavi sou tè sa a gen 2 bò. E, yo kole dozado.

Toulède ka fèmen l . Yo toulède ka louvri l.

Kanpe tennfas goumen lite dezòm pèdi ak lavi

Pou louvri tout pòt li fèmen

Sou dwa w, sou rèv fè pwogrè w,

Aspirasyon anbisyon monte piwo w.

 

Lamizè pa yon desten; s’on travèse nan lavi.

Nou ka ak pèsistans travay fòs kouraj volonte janbe l

Si n  pa vle kanpe ladann.

Emmanuel  Albert  (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine