Magazine Culture

Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lanng Kreyòl la pran yon lòt nivo nan Djaspora a

Publié le 07 novembre 2012 par Fredlafortune

dovilas-langkreyol-orlando600
An Ayiti lè yon timoun ale lekòl, olye li al aprann ekri jan li pale, li al reaprann pale ak aprann ekri. Sa vle di, nou se yon pakèt reskape ki soti anndan yon sistèm edikatif ki monte kont nou. Si nou ta fè yon vire gade Lanng Ayisyen an, n’ap wè anpil nan refleksyon syantifik k’ap fèt sou li yo fèt nan lòt lanng. Tankou lanng Ayisyen an te sou beki, tankou li pa gen kapasite pou reflechi sou pwòp tèt li. Operasyon ki pèmèt yon lanng grandi tout bon vre a chita nan ale vini sosyete a ap fè ak li, yon fason pou li ka pran fòm nan Tan an. Nan sans sa a, sosyete se laboratwa kote eleman lingwistik yo ak eleman kiltirèl pran manm, epi Tan an se antite ki ba yo lejitimite pou tranzaksyon sa a fèt. Jounen Jodi a, nou pa ka ap konpare lanng Ayisyen ak okenn lòt lanng pou nou ka di li pa gramoun tèt li. Paske plis n’ap Jofre se plis na va jwenn bon zèl, Jan Powèt la di sa nan liv Laviwonn nan. Ki donk, nou bezwen tan pou nou Jofre, nou bezwen lasosyete ak Lasyans ede nou Jwenn bon zèl yo.

dovilas-langkreyol-orlando1-600
   Si n’ap gade Pwoblèm sistèm edikatif Ayisyen an ap travèse kounye a, ki touche prèske tout sektè nan peyi a, n’ap konprann nesesite pou nou mete lanng ayisyen an sou de pye militè li a rive tout bon vre. Se sak fè ane sa a, anpil Militan konsekan ki nan Djaspora antre koze selebrasyon lanng kreyòl la, yon fason pou li pa tounen yon randevou chak ane, k’ap mouri nan deba ak Kòlòk entènasyonal. Nan sans sa a, N’ap wete chapon ou byen ba devan de inisyativ ki te fèt nan okazyon sa a. Tankou : Karavàn Vil an Liv, Kite fèt nan de vil kle nan santral Florida a. Se te premyèman 13 Oktòb 2012 la, nan Konsila Ayisyen an ki nan Orlando a, ak 14, 28 Oktòb 2012 la nan Libreri mapou ki nan Miami, yon inisyativ kite gen nan tèt li Powèt ekriven Anderson Dovilas, Andre Fouad, Bito David, Vye Ewol, Lokadya Fenelon ak Nattacha Wyllie kise CEO Haitian American Art Network, Inc.

Epi nan Rhode Island, avèk Fred Edson Lafortune ki anime emisyon Echo Culture, youn nan emisyon ki gen anpil ekout nan zòn nan, te fè yon jounen espesyal ak Patrick Sylvain epi Yvon Lamour. Fòk nou di Patrick Sylvain se ekriven epi li se pwofesè nan youn nan pi gwo inivèsite ki sou tèritwa ameriken an (Brown University). Yvon Lamour se ekriven, lengwis, li anseye kreyòl Ayisyen an nan plizyè inivèsite epi l’ap travay kòm pwofesè an chaj nan “Cambridge Rindge and Latin School” nan vil Cambridge nan Massachusetts. Nou pat manke deba, nou pat manke pataj, moun yo achte anpil liv kreyòl nan tout aktivite yo.

Pou nou fini, n’ap lanse yon apèl, ak yon mesaj klè bay dirijan Ayisyen yo. N’ap di yo li lè, li tan pou peyi a genyen yon politik lengwistik solid, yon fason pou nou sispann fè timoun ayisyen yo tounen etranje lè yo fini lekòl.

Anderson Dovilas
Lengwis/ Ekriven

Source: Tout Haiti


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossier Paperblog

Magazine