Magazine Culture

Nwit blanch nan fènwa

Publié le 17 novembre 2012 par Fredlafortune

Mwen menm avè w kouche ansanm

Nan menm pozisyon ak egwi revèy

Nan chanm nan ki endike li minwi egzat.

Tankou de riban kole kap balanse zigzage nan yon briz dous,

Kò nou pase yon nwitblanch ap monte desann

Plòtonnen deplòtonnen nan fènwa a.

Yon fènwa epè ki vlope nou, ki kouvri nou delatètopye;

Men, ki pa anpeche boutdwèt mwen mache, san l pa pèdi,

Rive monte kanpe jouk sou pwent tete w

Pou l tande w kap fredonnen sifle

Yon konsèto an Si majè, si dous, si sansuèl.

Lang mwen rete lontan antòtye nan kòd lonbrit ou

Pou l p’al glise desann pèdipye tonbe nan triang

Ki bay vètij, ki vire tèt toulèzòm soulatèbeni.

Bouch mwen kase tèt tounen monte al apiye bò kou w,

Pou l panche ekri ak yon souf tyèd sou fèy zòrèy ou

Tout rèv pwomès lanmou nou fè,

Pou l eple repete tou nan tou zòrèy ou

Tout alfabè tandrès nou;

Men, transpò melodi vwa w melanje ak yon soupi karès delala

Fè l rete detanzantan ap tranble mamòte s’on sèl lèt : .. A.. a.. a.

Yon dezi saf anvi goumandiz chocho annfèplis, banm pranplis

Mele ak dousè frechè sansasyon n’ap jwi

Fè n tresayi detire tòde jis nan rèl do n.

Kò n cho. Kò n frèt.

N’oblije kolesere po vant nou ade pou n fèmen tout jwen ouvèti,

Jwenn plis kouvèti antresòti jwi plezi n alenfini .

M mouye, m sye delatètopye. M kite tout dlo kò m tonbe koule nan fant janm ou

Pou l al wouze fètilize fè jèmen

Yon lòt mwenmenm, Yon lòt noumenm.

Emmanuel  Albert (Toto )

&baba;

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossier Paperblog

Magazine