Magazine Culture

Egalego pou l ye

Publié le 16 novembre 2012 par Fredlafortune

Solèy la gen malozye.

M wè l plonje nan lanmè, l’al benyen

Li kite m kouche jodi a ankò vant plat.

Poutan vwazen an, adepa lakay la,

Dòmi leve chak jou vant plen.

Demen maten lè solèy la tounen

Safte mechanste avaris egoyis

Ap gen tan kouri resevwa l

Anba gwo parasòl patipri,

M pap jwenn anyen ankò.

Ni reyon vitamin

Ni enèjichalè,

Ni klatelimyè.

Dayè poukisa m’ap plenyen la a ?

Se toujou bouch mwen

lè m baye ki banm chalè.

Fèt endepandans poutous

Yo fè babako soup pou separe egalego.

G’on gwoup ki jwenn vyann ak viv

Nan bòl emaye agogo

Bòpanou,  malgre n lonje bòl ble n bayo

Se nan plamen n

Yo lage yon louch cho,

Letan pou n soufle goute

Tout glise nan fant dwèt tonbe.

M’pa janm wè lòzèy nan soup la

M’pa janm souse yon zo.

Menm jan ak papa m ak manman m

Sanble m’ap  mouri pi mal k’on chyen

San m pa janm souse yon zo.

Hummm!

           Emmanuel Albert (Toto)

&baba;

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine