Magazine Culture

Mwen renmen l pase de je nan tèt mwen

Publié le 14 décembre 2012 par Fredlafortune

Sa pou m fè de je nan tèt mwen san ou menm!

Sa m’ye, sa m’ka ye san ou menm!

Sa m’ta konprann yap wè m ye san ou menm!

M’pa pè di m’renmen w, paske m’pa gen dout yon jou wap twonpe m.

M’pap janm wont klewonnen  di tout kote ke m’renmen w

Paske yap toujou wè nou soude kole tout kote 2 nan yon sèl.

Lè m kouche, se ak dousè tandrès gwo rèv mwen pou ou m’vlope kouvri

Pou chalè santiman m pa janm tyedi.

M’konn sezi wè ki jan ou sèvi ak dlo nan je m

Pou lave kè m, fè l vin pi pwòp, pi nèf,

Ouvri l pi gran a tout batman l, fè plis plas, plis espas

Pou ofri amitye nou, amou nou a tout moun,

Zanmi, enmi, sak jalou, sak pou nou ni  sak kont nou

Pa gen rekonpans sou tè a ki twò gwo pou m’ba ou

Dayè, pou mwen, anyen sou tè sa a pa gen plis valè ke ou.

M’vle pito fouye deniche jouk anndan matris tan an

Chak melodi tout gam nòt mizik, chak briye klere nan klate

Pou m jwenn son ak limyè kap ede m’konpoze kite pou ou

Piti koulye, yon omaj kap dire tout tan gen tan.

Konsa, m’ap mouri kite w dèyè

E, tout moun ap konnen klè

Sa m’renmen pase 2 je nan tèt mwen sou tè sa a

Se ou menm: Ma vie!

Emmanuel Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine