Magazine Culture

12 Janvye 2010

Publié le 12 janvier 2013 par Fredlafortune
12 Janvye 2010
Fè n wè sa’k ka rive n’on ti bout tan 
Men li pa montre nou ki jan
Pou’n rive nou menm san’n pa pèdi tan
 
12 Janvye 2010
Jete poto, kase anpil fil electrik
Men, li te fè limyè lespwa briye pi klere nan nanm Ayiti
 
12 Janvye 2010
Sekwe tout bagay
Men, li pa sekwe reveye nou
Nan dòmi kanpe reve je louvri
 
12 Janvye 2010
Fè n dekouvri: Nou tou pre len ak lòt 
Men, li kouvri ak debri ti etensèl
Ki pou limen rega ayisyen sou ayisyen
 
12 Janvye 2010
Fè n wè aklè tout sa’n bezwen 
Men li bouche plòg ki pou konekte nou ak lesansyèl  
Ak sa nou reyèlman bezwen
 
12 Janvye 2010
Pwouve, tout solidè ayisyen ak etranje montre yo solidè nan pote èd dijans
Sinistre yo menm, toujou rete solitè, pou kont yo ak ti lo mizè yo
 
12 Janvye 2010
Fè nou wè, nou tout bezwen pen 
Men li pa aprann nou ki jan pou n koupe l, separe l
Pou tout pa al gonfle plen bouch nou sèlman
 
12 Janvye 2010
Devwale klè, ti valiz plat boure lajan èd imanitè
Pou ta ede sinistre pase plis nan fè fonksyone ONG
 
12 Janvye 2010
Pwouve, nou chak gen yon kwa n’ap pote nan lavi 
Men li pa anseye nou ak ki ladrès pou’n pliye l
San’n pa koupe l, fèl sèvi pon pou’n travèse move pas lavi
 
12 Janvye 2010
kraze brize anpil izin antrepriz nou te genyen
Men li pa kraze, li pa menm brenzeng pi gwo faktori tout ayisyen travay:
Faktori chirepit
Pale anpil
 
 
   Emmanuel Albert (Toto)

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine