Magazine Culture

Koudfoud ou koutfouk

Publié le 12 janvier 2013 par Fredlafortune
Salye!  Sa kap pase w la a?
Poze!  POZeee!
Ki jan w’ap vare sou yon fanm konsa a!
Jan w parèt anlè anlè la a
Se oubyen w’pran n’on koudfoud
Oubyen ou sou koutfouk
 Kiyès nan de a?
 
Si se koudfoud : konnen ou pran n’on kout loraj lanmou
Ki gwonde andan w, souke tout bonnanj  ou
Ou gade wè w tonbe san w’pa glise
W’ap tranble yon men w cho, yon men w frèt
Ou tèt koupe ak yon flanm dife kap valse brete nan gout lapli
Men, kalme w.  Poze san w. Metrize pasyon w
Kontwole tout jès emosyon w
Kè fanm se tankou yon bèl woz
Touche l, wouze l ak delikatès
W’ap jwenn pafen tandrès
 
Men, si se sou twa pye recho koutfouk ou kanpe, kite m’di w :
Sa w santi a se pa lanmou. S’on jete dlo ki kenbe w.
Sa kab mete anpil dlo nan je.
E, sa souvan pran anpil tan pou l seche
 
Tipouchon jènjan dyougan sediktè pwofesyonèl
Ki konn sa yo rele bay priyè chame sedui fanm, deklare di:
Tout etandi sipèfisi kò yon fanm se yon vwayaj
E, fanm nan limenm pou kont pa’l se yon peyi
Konsa yo vle vwayaje konn plis peyi chak kou pi plis
 
Chamè dyòl dous ki aplike prensip renmen sa a, yo rele yo:
Casanova: misye sedui li goute sere fè koleksyon mete la
Pandan je l gen tan brake kole al bat nan ke yon lòt jip.
Don juan: limenm fin sedui, jwi kont jwi l
Epi mache pòs li, al dèyè yon lòt pi nèf.
Cadet Jacques limenm metòd li se liyen
veye, sezi pran san yo pa ba li epi jete l doba
 
Antouka, anvan w chwazi  kiyès nan yo  ou wè k’sanble avè w, sonje:
Tout fanm, menm jan ak manman w, s’on flè yo ye
Yo pote semans lavi.
Epi, yo anbeli lavi.
Tout bote vi w se nan yon fanm li ye!
Pa drive yo! 
 
Emmanuel  Albert (Toto)

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine