Magazine Culture

Mawoule

Publié le 19 janvier 2013 par Fredlafortune

nawoule. nadebat. narive

kòn vle fè kous lago ak zago

men, se zago k’pot kòn sou do

nan tout chemen madan brino

se zago k’pou kanpe sispann fè lobo

sou wòch pasdlo, kite mawoule

mouye biskèt ak yon ti gòje dlo, pran

fòs kontinye mennen tout makòn

vyann depi nan  kòn jouk nan ke

al tande sa kasayòl te di anvan yo fè

dlo kò yo benyen kò yo

wout la long

nan pwen tounen manje nan plamen

akwokiye vlope kouvri ak dra fènwa

pou dòmi nan chapo

louvri je gade jou kap pase, nuit kap ale vini

nadebat… nawoule ak tikout tikout tafya

plis espwa ti tyotyo a

narive mennen nwa

kou al wè sa kouto konn fè nan kè yanm

mawoule konn ki jan pou mennen l wè laba a twa wa

Emmanuel Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine