Magazine Culture

Senvalanten

Publié le 13 février 2013 par Fredlafortune

kòd rega m deplotonnen lonje

al antòtye jouk nan prinèl je w

plim popyè nou toulède pran tenyen

louvri fèmen pou vante tyedi chalè

pasyon lanmou

nou tonbe fè zyedou

ou souri ban mwen

mwen souri ba ou tou

tankou m’anvi mande w

kite pasyon m pou ou

makònnen m ak lonbray ou

pou pèsonn pa vòlò w nan men m

m’gade w, m’anvi mande w : tanpri,

souple kite konvwatiz je m rete mare

plotonnen la nan delis pwatrin ou

m ta tòtòt dousè ji sen w tankou

2 mango sikre mi sou pye

mwen souri ba ou tankou m’ anvi sèmante

devan Dye devan lèzòm : Nan jwèt lanmou

kap jwe chak jou alakat tou patou, mwen menm

mwen vle rete yon valèdkè osèvis tout santiman w

tout dezi w pou lavi

san pale, ou rale m, kwoke m nan mitan sèso de bra w

ak yon gwo bo tankou yon so ou poze sou bouch mwen,

sou tout lang mwen pou w sètifye m ke mwen menm avè w

ap rete la atachemarende len ak lòt pou lavi menm jan

lanmou rete atache ak Senvalanten.

Emmanuel  Albert ( Toto )


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine