Magazine Culture

Ble ! Wouj !

Publié le 20 février 2013 par Fredlafortune
se fòs enèji  ki gonfle sikile tou ble nan venn ou
ki fè san w ponpe ak bèl koulè wouj laviktwa sa a !
ble ! wouj ! je w  briye ak lajwa nan ekla limyè moman
alegrès kè kontan nou. anpil fwa tou li kite degoute koule
sanglo de ran dlo moman kòlè tribilasyon tritès nou  
 
anba gwo sekous latranblad latè, nan rafal van move tan loraj tanpèt
nan toubiyon kè kontan lè nap fè fèt, ou flote deplwaye, men ou kenbe
byen sere nan tout pli kò w, san yon sèl pa efase ni voltije ale, plis ke
2 syèk  paj listwa nou ekri avè w; san konte tout lòt paj  epope ou temwen
tè sa a ekri ak san l anvan menm nou te dechire rekoud lonbrit ou Akayè
 
yo di an franse ou gen don d’ibiquité: ou kapab tout kote anmenm tan
ou deplwaye flote, san van, ak souf aspirasyon nouchak tout kote nou ye 
 
nan stad estadyòm jimnazyòm ou bay atlèt nou yo enèji fonse keyi lorye  
 
se nan finès elegans lè wap flote tout atis nou yo: eskiltè achitèk komedyen pent ekriven mizisyen jwenn maryaj amoni varyete mo, liy ak koulè yo bezwen, n’on festival gangans ki fè n toujou fè ladiferans
 
dansè nou yo depoze tout bèl pa yap fè  nan kadans pli ou fòme lè wap flote pou yo grave desine ak pye yo, ren yo, ak tout kò yo, bèl fòm ti moso il sa a, ti bout lò sa a
ki konble ak tè, e ke nou ta nou dwe netwaye fè l klere, fè l briye nan je lemonn
 
se souf ou ki gonfle bonbe pwatrin jèn nou yo, fè yo grandi fyè, latèt wot
 
se noblès koulè san tach ou ki ta dwe sèvi modèl pou anplwaye fonksyonè dirijan nou yo. fè yo g’on laperèz, yon pè ble pou yo pa vòlò, met men sou  byen komen
men pito pou yo ta vin fanatik, fanatik wouj avansman ak pwogrè
 
li tris pou wè foto lonbraj ou s’on tè ki rele w chèmèt chèmètrès ap flote twoub twoub ak mak bòt etranje k’ap sal, k’ap sapata figi l. se sekirite yo di y’ap mete
yo bare yo plizyè fwa ap mache brete nan wout dekoupe, yo bradsibradsou ap danse kolekole ak jèn nou yo, babote gagote nan dlo rivyè nou . yo di se metòd sekirite nan banbilay dangriyen sa a ki fè  Kòlè Ra
 
Emmanuel  Albert (Toto)

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine