Magazine Culture

CD a grave

Publié le 04 mars 2013 par Fredlafortune

ou vire vire tounen

bouton  anndan m

nan tout sans jouk

ou jwenn mizik swente m

 

ou fè libido kapote m

chavire m sou do, akòde tout

gam pawòl mwen sou nòt Si dous.

 

anvi make m tankou

fanm gwòs jouk nan zo

ou fè tout plim sou do m

leve tankon poul nap plimen

 

amize w nan son mizik ou vle :

klasik, banda, salsa, batchata, konpa

men, apre won sa a, fò w chanje CD  koupe a

li grave

ou jwe l twòp 

                                                   Emmanuel Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine