Magazine Culture

8 mas

Publié le 08 mars 2013 par Fredlafortune

yon refren bolewo Nemou

kole sou po bouch mwen

tout jounen 8 mas la :

« a wi lafam s’on mistè…

yo dous, yo santimantal… 

menm si souvan yo pa sensè

yo rete yon mèvèy paske

bonte yo san parèy …»

 

lafam s’on mistè. li louvri nan

dimansyon lòm delatètozepòl

lè pou l bay lavi, e , li fèmen nan

menm lajè ak bouchon yon boutèy

pafen pou l bay lanmou

 

bèl e bèt byen dèfwa, lafam rete  kanmèm

fidèl ak misyon l sou latè: akonpaye lòm,

pa kite l sèl.  Angle di : li mom depi nan womb

jouk nan tonb, wap toujou wè l manman depi

nan matris vant jouk nan matris latè

 

lafam gen pouvwa sou limyè ak fènwa

li pouse n sòti nan lobskirite zantray li

pou l fè n wè limyè klate lejou. Men, li antre

plonje avè n tou nan profondè nwasè fènwa pou l

kite n apante tout sipèfisi kontou fwontyè kò l

jouk nan lizyè ekstaz nou. pa g’on nèg ki pè

fènwa lè l avèk yon fanm. se nan fè nwa

fè lanmou  pi dous 

 

lafam se senbòl lòd ak disiplin

nan tout biwo, nan tout ofis

lafam se beki nan kay kote poblèm ak

mizè estwopye lavi. se fanm, jodia, ki

kenbe pantalon byen sere nan tay yo

pou fè gwo batzèl wanga nègès, bèl piwèt

madan sara dèyè zepi mayi, dèyè boujon lavi

 

lafam se poto mitan lemonn

lafam reprezante mwatye an

popilasyon moun kap viv sou latè

e, se limenm ankò ki manman lòt

mwatye ki pa fanm nan. Viv Lafam ! Viv lavi !

 

                                     Dedikas avèk anpil respè ak konsiderasyon  pou Joanne Charles.  

     Emmanuel  Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine