Magazine Culture

Ribobaylanmen

Publié le 01 avril 2013 par Fredlafortune

Tan mwen menm avè w te rankontre

gen tan vyeyi tounen bembo; men lanmou

nou pa gen yon rid nan bote l. Li toujou rete

djougan byen fre ap gade tan an kap bouskile

bourade jou yo, voye anpil ladan yo al antere

nan loubli. Fòs lanmou w pou mwen monte lagad,

toujou prèt pou l’atrap tout van depaman, pran yo,

prije yo, detounen yo pou yo pa vin chanje direksyon

briz tandrès antre nou . Men, m’santi tou nan prije,

prije , gendèfwa , lonbraj santiman w pou mwen

konn ap bare bon briz afeksyon lamitye ki vle antre

soulve nan lespri m tout souvni tikatkat mwen.

Mwen menm avè w, nan dousè ak karès len

pou lòt, trese makònen pi sere chak jou

tout souvni bon moman n’ap viv ansanm.

Konsa tou, anpil foto nan albòm pèsonèl ou,

konn fè w ri, fè w pyafe kontantman. Yo pote

nan lespri w gwo frechè souvni ki rafrechi

panse w, transpòte w n’on pase ou poko prèt pou bliye.

Alò, e zanmi danfans pa m yo ! Eske w’ vle m’bliye yo ?

Pa kite lanmou w pou mwen ni afeksyon m pou ou

bouche lespri w, fè w konprann se oumenm sèl

ki gen gwo souvni tache nan vi m. Non ! G’on dibita kolòn

moun ki konnen m anvan w, ki make vi m ak yon lank

ke ni tan an ni  okenn distans pap janm janm kapab efase :

Zanmi katye, zanmi danfans, tout plezi tikatkat boutpantalon m.

Souvni vakans bat lobo nan dlo, amatyoumatyou mayi lago kache pwofite

lag’on tibo. Kachkachliben sereliben tou pwofite manyen, tire kont, roule sèk,

monte kap, koule kap. Souvni ti bal salon, jwèt domino, jwèt mab, jwèt bezik

fè enteresan degidon sou bekàn, konkou mokwaze, ti jwèt manman papa

Souvni ale lekòl sòti lekòl ansanm, kaminizye w, souvni kase tèt zòtey nan

foutbòl katye. Etidye diskite pale franse nan lakou fakilte, nan klèb kiltirèl.

Souvni kòlèg kolaboratè menm djòb, menm eksperyans, menm pwomosyon.

O ! Moun sa yo enpòtan pou mwen ! Chak kou m’rankontre yo nan lari,

lakay, nan telefòn w’ap toujou wè, w’ap toujou tande gwo kout zèklè ri,

bèl griyendan, pase men nan kou n’on anbyans kè kontan Ribobaylanmen

 

    Emmanuel Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine