Magazine Culture

Soup joumou

Publié le 12 avril 2013 par Fredlafortune
Premye janvye, nou bwè soup joumouSe sa-n fè, byen klè pou-n di Leklè-ChalE a bòfrè-l-la, kounye-a, se kou pa nouOu-menm la-a, ou dwe konnen poukisaManje sila-a, se pa sèlman anvi pou salivSoup sa-a gen yon mesaj sakre, andakiMwen vi-n dekode-l pou ou pakanpak.Se avèk jiwomon nou fè soup joumouPou-l tou jòn, koulè viktwa avèk lajwaJòn, pou-n sonje lafyèv jòn te ede-n-touLanati te avèk nou.Non, pa gen soup jomou san joumouOu ka fè soup jòn ak poud kolonbo-kiriMen san jiwomon, se pa soup joumouKonsa tou, pa gen Ayisyen san AyitiManje s’on fòksesa ki fè manm plonbeMen-tou, ay! lè n-ap voye kiyè monteSe monte, n-ap monte, nan listwa alanvèOu pa ka fè soup joudlan-an, nenpòt janGen kondiman ou bezwen ki enpòtanRale solèy-la, mete-l’ anba chodyè-wFòk gen joumou.Pou bèl soup joumou endepandans-laOu bezwen bon vyann animal san vlenChode,,tranpe davans, byen asezonnen Ak sitwon, zoranysi, epis, sèl, ten e laySe vyann piwoksidal sa-a k-ap sove-wAk rès bwakochon yèswa-a, lyanntranpeKi kite-w anmalmakak,  maltèt e kèplenSi-w se moun èbivò ki manje tankou lapenEke-w twouve manjevyann se kanibalisEnben, pa mete ni frize, ni kochonpeyiPou ou, èske m-te mèt mete yon ti vyann ?Pou kokennchenn soup joumou inite-aNou bezwen seleri; ou bezwen zonyonZonyon fè-n kriye, lè-n  koupe-l an wonNou plere pa fòs pou-n wè tray-kalindaNou kriye bon dlo denkou, toutbonvreLèzonyon gen yon pwa senbolik ki pezeKi raple-n fiyèt-lalo, konkistadò-kolonAk sant zonyon nan bouch, anba bra-yoKi te debake sou tè vyèj, rivaj santibonBèl peyi sa-a, peyi mòn-dèyè-mòn, dlo.Fòk genyen zonyon.Pou bòl soup joumou angran Desalin-nanNou bezwen ponmdetè; ou bezwen lòzèyYon ti branch ase  pou li awome soupyèSan lòzèy, odè nouvèlan soup-la ap fè mankTi fèy sa-a, arebò-l fè tidan-tidan, dantèl Ki vin ba-w yon fòm goying, prent dantleChak fwa je-w tonbe nan soup lòzèy racheRale enfo k-ap kabicha sou 2 zòrèy lontanNan bwa tiwa memwa-w, rale-l, wa sonje, Avèk esklav, kolonblan pa-t nan griyen danFòk gen lòzèy.Pou chòdyè makawon soup joumou libète-anou bezwen makawoni; ou bezwen kawòtPafwa kawòt gen ti grenn bab ra, dous, mòlYoun Baryè-Boutèy, lòt-la jous Lakou-BredaRetinòl kawòt-la ka fè moun wè byen  leswaTousen Louveti, swav, te tèt koupe a kawòtSe t’on gason fen, je klere, ki te wè lit-la klèMenmlè, sou tout wout, san lalin, se te tenèb, Li amoli blan-an ak djòl dous eklere, chankre Ke menm nan solèy midi, blan-an pa ka wè.Fòk gen kawòt.Pou bèl soupyè soup joumou fratènite-aOu bezwen navè, ou bezwen powo koulongWi, powo ou eskalyonn ki soti “Ashkelon”Lakay Filisten Kanaan kolon te tchaktchakLè-n wè powo-a, yon fèy epè, won, kou rèd K-ap layite; fè yon laplanch mediteraneyenNan soup-la, pou-l benyen, n-a va raple-n’Se sèl kab ki lye Ayisyen ak Filisten: powoN-a sonje, 2 pèp sa yo pase anba kout javloKal bato, zago kolon nan pelerinay kwazeFòk gen powo.Pou bòl kristal joumou sitwouy egalite-aNou bezwen pèsi; ou byen bezwen chouLè-n kenbe, nan pla men-n, yon chou louWon, tankou boul kanno nevyèm brigadAk gwo fèy pwès, rèd, vlope youn sou lòtSa dwe raple-w gwo batay Krèt-ApyewoKote brav-yo  tire katafal boul kanno choBoulèt chou, kanno fatal, anfè ou anwòchPou-n di: “Si-w ka desann, lamitye desannMen, w-ap jwenn yon vil anfe-e-ansann”.Dekoupe soup joumou-an  kòrèktemanBonnapeti ! Tèks sa-a, se Schiller Marcelin ki ekri-li, an Mas 2010; li rele “Soup Joumou”. Tèks sa-a, fè pati “Extra Fatal”, yon CD Schiller Marcelin fè parèt nan mwa Desanm 2010, nan Mayami, Etazini.“Soup Joumou” plase an uityèm nan CD-a.

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine