Magazine Culture

Manman

Publié le 09 mai 2013 par Fredlafortune

Kolye ki pi bèl, ki pi chè

mwen toujou fyè kenbe nan kou m toutan

se kolye 2 bra w, manman cheri.

Flanm afeksyon w  limen anndan m

yon brazye lanmou ki vi n pi cho

chak fwa m’di : Manman !

 

Manman gen pouvwa fè lavi boujonnen jèmen.

Lè kay la blanch, se manman ki toujou jwenn ladrès

ak 10 dwèt li pou defèt nedouk sentrebas grangou midi.

Manman s’on pon sou flo pwoblèm n’ap travèse. Li gen sekrè

efase tritès, fè bèl souri griyendan parèt sou figi frijèt.

Manman cheri, ou se fèy ki kase kouvri tout fopa m.

Ou se blayi ki efase blanchi tout tach sou do m, tout sa yoyo di.

Ou se konprès ki kalme dedi tout sa m soufri.

Chak moun sou tè a g’on kwa y’ap pote.

Mèsi manman. Ou ban m egzanp ladrès pliye

transfòme kwa pa m, fè l tounen yon pon

pou m janbe tout peripesi k’prezante.

Prezans manman pakapala !

Lè sa pa bon, lavi ap ban n baf desounen n delala n

Bòkote n, manman kanpe la !

Lè sa bon, lajwa pete nan gwo ekla ri.

Bòkote n ankò, manman toujou la !

Manman cheri, ou se flè lavi m.

Domaj ! 2 men m vid. Pòch mwen koule.

Se avèk dlo nan je m m’ap wouze yon si bèl flè tankou w.

Men, nan fon kè m ,manman,tout kalite bon flè santibon ap fleri

toutan m’ap viv pou temwaye : Bonte w, Dousè w, Afeksyon w.

 

Emmanuel  Albert (Toto) 


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine