Yon pa kita, yon pa nago…

Publié le 28 janvier 2013 par Fredlafortune

Yon pa kita,
yon pa nago…
Pa kite pou pita,
pa fè lago…
Rete saj…
Ak kouraj
poli bwa kajou
pou-w ka wè jou…

Yon pa kita,
yon pa nago…
Pa rete chita
ap tann kago,
kado se kaj…
Plante, fè elvaj,
konsa yon jou
na bwè soup joumou…

Yon pa kita,
yon pa nago…
Konte sou leta
se anbago…
Soti lan nwaj,
soti sou graj,
soti lan labou,
sèkle lakou…

Yon pa kita,
yon pa nago…
Ansanm chita
lave rad ak digo…
Ak bon lizaj,
ak bon menaj
respè nou tou patou,
kay nou pou nou…

Guy Cayemite