Magazine Culture

Debrabalansepandye

Publié le 14 novembre 2012 par Fredlafortune

ki kantite gout dlo de popyè je ka rafistole kole

pou ranplase pakèt kriye 2 randlo lapèn ki vide koule

depafini figi yon manman k’ap asiste gade pitit li

k’ap trepase mouri trip kòde!

pòv malerèz! lage abandone! debrabalansepandye!

konbyen tan yon plamen ka rete kole nan machwè pou l soutni tèt

ede l reflechi jwenn epitèt etikèt pou kalifye trete yon papa

chatchoutè mantè, ratdokale fanbre, grandizè kadejakè

granmoun age zokiki devègonde ki fin pran plezijwi

epi, abandone lage yon jènfi debrabalansepandye!

w’ap rankontre yo tout kote, sou plaj nan tout bal klèb motèl otèl

sinema, nan fènwa fonlakou, nan koukawout bakyad,

bèlpòz ekspozisyon fè foto sou gazon yad devankay la

pake oto dayinaflo devan balistrad sou kote yad kay la,

kage, pran frechè, pran gou yad la,

aprè, demake, krazerak, mawon pou pa pran swen

ede grandi jèm fwi yo simen plante ladann!

Ki liv libreri bibliotèk lekòl, ki sistèm nan sosyete a

ki ka ede yon ti moun konprann pouki yo aksepte mete l sou tè a

pou l vi n  fè pi long, pi di chenn mizè yon fanmi poko rive kase?

1-2 -3 …  yon sèl manke! lasentfami kraze!

tò ou  rezon. sezon rekòt babye yanm babye bit. nou tout lakòz!

chanje mèt. chanje metye. chanje pozisyon nou kouche

pou n pa sede a jòf tantasyon yon sèl litani priyè tout tan :

je vous salue. Vous êtes bénie entre toute…

si w jèn, sa pa vle di ou nayif, ou sòt. pran tan reflechi!

pa gen mal si w pral n’on fèt, w’al n’on mòl granmagazen achte bèl wòb,

gwo braslè klere, granmak bòt ak plim dore toutarebò lèdebò. bèl! trèbèl!

men, anvan w sòti al jwi lavi pran tan tande previzyon tan an. veye lapli!

si se pa sa, reziyen w, foure pye w nan dlo labou k’ap gen tan sal

tout plim bò bòt la.

Emmanuel  Albert (Toto)

&baba;

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossiers Paperblog

Magazine