Magazine Culture

Ki tèt yo vle

Publié le 19 novembre 2012 par Fredlafortune

Koulè boutèy tafia a nan jedlimyè klèb la

Sanble marasa ak boul kim savon tout koulè

Kristalin kristal nan bobin tikatkat lakay.

M’leve boutèy mwen, m’souke l anvan m’pran yon gòje

M’wè kleren m fè yon pakèt ti grenn chèdepoul

Tankou kaka aran nan pate kòde restavèk sere anba bokit.

Dlo si gwòg la kaye gaye sou kòf lestomak mwen.

M’kouri al vomi yon katafal mo pwezi damou

Nan fal bèl ti chelèn fanm ki chita

Pou kont li sou tab nan kwen an.

Wooo! M’ta renmen l boulpik mwen

Nan jwèt mab fènwa sa a. Pwennfèpa!

M’voye yon bokit literati, m’benyen l

Ak sitasyon womans tout gran otè fransè.

Tèt mwen an boulatya. M’santi m balonnen.

Anvi fè lanmou gonfle m. M’antyouprèt. M’cho pase leve danse.

M’dil kareman : « Voulez- vous danser avec moi ce soir ? »

O ! O ! Nadmarinad ! Li di m li fatige.

Yon ti moman pa pase, mizik frape, 2tan3mouvman

M’wè l kap ploge kage pèdipye

Ak ti nèg pantalon sou bounda  ki te chita toupre m nan.

M’di  kisa! Ou kwè l  fèk di m li fatige.

2 pye tiflannè a ap trennen yon pè tenis koralen

Ki pa kapab ni li ni swiv patisyon ton mizik la.

Map gade devire yo. M’wè do misye kap vire anpetre nan fopa.

Sa a paka pran yon bon palavire! Humm! Ou tande bèf ale wè kòn!

DJ Tètanba chanje mizik la. Li mete : «Yoyo se yon bon gason  » vèsyon rap

Yon ansyen mizik! Si m tap danse, pye m tap trese kwaze pa,

Montre ki kantite vyann, ki longè bega yoyo konn vann mache anba.

Tèt anlè, tèt anba, si se pou tèt m’gen toulède.

Lamen cho, lamen frèt, reponn mwen oumenm tèt frèt:

Ki tèt medam yo vle?

   Emmanuel Albert (Toto ) 

&baba;

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossier Paperblog

Magazine