Magazine Culture

Aaa! Ban m van m non, mezanmi

Publié le 19 novembre 2012 par Fredlafortune

Van an vante, men,se machwè m li gonfle.

Se jodi m’kanpe ap tann!

Se jodi m’vle al bouske chache kot lavi fè kwen.

Se jodi m’ap chache kouran direksyon van an vante

Pou m anbake swiv li, al wè kote l keyi degrennen

Mango sou pye pou tout moun kap chache manje.

Li pase vante vre, men se nan pòch mwen tout kourandè a rete.

Li vante l’ale, fwa sa a ankò, se tèt mwen l kite chaje.

Konbyen okazyon  m’ap rate!

Epoutan, pakèt mwen mare, vwal kanntè m pare.

S’on bonvan m’ap tann pou m fè vwal jete m.

Men, yon dibita souflantyou ak linèt nwa,

Je vewon atawèt nan bato, elikoptè antyouprèt,

Gad- kòt ak gwo mitrayèt ap monte desann fè lanavèt

Yo fè m kite tout bon van an pase.

Y’ap pale de papye. Men, ki papye ?

Aaa!  Banm vanm non, mezanmi!

Latè te dwe lib e ouvè san fwontyè,

Antre san papye, menm jan lalin ak solèy

Leve klere sikile bay tout moun klate.

Men, fèzègrandizè swadizan mèt latè

Deside sezi ,make trase, leve kloti, bare separe.

Yo menm pèditan pran van an konprime l peze l

Nan kawotchou chwiiii chwiiiii ap vann,

Yo pran dlo a mezire l sou kontè,

Konble l nan kamyon sitèn, fè l koule nan boutèy, nan kontgout.

Lanati babye move frapepye pou bagay sa a plizyè fwa deja.

Li ponpe simaye dlo inonde kraze, bote tout vanite, tout tenten

Menm chen ki pa lòtè anyen bwè dlo nan nen.

Latè kreye prepare pou lòm ak tout lòt espès viv.

Nou te dwe kapab jwi san papye, sanpatipri,

Sanpaspouki, san fè gagòt , richès latè tout kote.

Epitou, tande! Kiyès ki ba yo dwa sezi pran separe sere san mezire?

   Emmanuel  Albert ( Toto )

&baba;

Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossier Paperblog

Magazine