Magazine Culture

Yon gran pent filozòf

Publié le 27 novembre 2012 par Fredlafortune

Avèk yon senp koulè vèt fèy bannann, yon gran pent filozòf

Reyalize yon michan tablo mo ki klere briye nan tout sens.

M’gen chans genyen l koke jiskounye a nan panno lespri m.

Li mete yon ti nòt ak yon koulè dore anba tablo sa a li di:

“Ke se nan literati, ke se nan penti, kèlkeswa nan sa wap pwodui a

Toujou kite ide yo sòti anndan w, jouk byen fon  anndan w.

Ide sa yo kap ponpe jayi soti anndan w se toujou direksyon monte,

Monte piwo yo pran. Yo konn lawout, yo konn mache, y’ap fofile

Monte hise èvda  ou pwodui a n’on wotè orijinalite ak siksè

Moun ka chache imite, men, y’ap gen difikilte pou yo depase.”

Lemond gen 7 milya tèt kap panse jodia. E, pita piplis.

Milya, milya tèt avèk ide nèf kap grate,sable poli vèni lavi

Fè l vi n lis, swa klere n’on michan mozayik koulè. Milya tèt

Ak ide kap vire sikile kwaze , yo chak avèk fòm orijinalite pa yo.

Genyen tou se ide ki depaman tètanba, genyen ki degrenngòch awouya

Genyen ladan yo yo maske degize pou fè lamayòt tounen reyalite,

Pou fè la verite pè avwoe kiyès li ye, fè l  kouri brete al kache.

Lèzòm klase tout bagay n’on kategori, n’on lekòl, n’on klas, n’on ras:

Moun anwo moun anba, lekòl dègriyo lekòl womantik

Pent nayif pent reyalis, moun lavil moun andeyò, ras nwa ras blanch

Yo fè foto lavi en nwa e blan. Tikras melanin! Twòp melanin!

Kot siperyorite a ye la a ? Lacho blan, se vre, men li pa lèt pou sa.

Pèsonn paka di li janm wè yon po moun koulè blan.

Lamayòt tounen reyalite. kiyès, nèg yo ap chache pete la a ?

Se krityen vivan, èt umen nou ye, kabrit tomazo menm plim menm plimaj

Pòdpè. Kòdfè .Sòti Beladè pase Baradè nou diferan, men, nou sanble.

Peyizan an rete atache a tout sa k’natirèl. Li rete andeyò.

Andeyò tout konplikasyon,tout diskriminasyon moun lavil mete nan lavi:

Yap fè foli pou dlo nan boutèy, peyizan li menm ale alasous.

Yo tann laboratwa chimi fè kinin pou konbat lafyèv, limenm l’al pran

Nan asowosi a dirèk. Ladous ki vyen kenèp li jwenn tout vitamin li nan manje

Fwi mi ak fèy vèt lakou lakay. Maladi kè, kansè li rezoud sa ak joumou, lamveritab.

Se gran pent filosòf Nixon Léger ki gen rezon.

Natirèl, original se sa ki kreye bote tout èvda,

Fè yo rete vivan tout tan gen tan.

Yo pa janm kab depase. Yo pap janm trepase demode.

Nan fòm panse: Kite anndan w bwode anbeli reyalite san w pa kopye

Se yon Nixonis mwen vle ye!

Emmanuel  Albert  (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossiers Paperblog

Magazine