Magazine Culture

Lanmoubene

Publié le 10 décembre 2012 par Fredlafortune

Je m, nan pant yon ti ravin dlo, al glise tonbe sou yon jèn peyizan

Kap fè lèsanpa alevini anba feyaj yon touf pye kafe mi.

Chapo pay nan tèt li vi n pran koulè tankou yon chapo lenn

Nwa e blan nan pousyè limyè yon bèlbèl plènlin. Yon plènlin kap fè lago,

Paryaj laviwonndede klere ak chak grenn etwal li rankontre.

Tiflannè a fwote de plamen l anvan l’pete yon kous kouri al rankontre

De bra louvri yon dayinaflo fanm, bèl ti marabou tete won klere pwent nwa doubout.

2 jèn ti peyizan! Aflèdelaj! Anfedamou!

Misye fè laviwonn tifanm nan, doba zèpòl kare tankou yon kòk ki wè poulèt.

Dayè jan jennonm nan ap pale w’adi s’on kòk kalite vre kap loveye gonfle kodase:

« Ma ma madmwazèl, ma kò kò lòkò kòkòt, mafwa jennsepa, mwen renmen w piplis

Jodia ke ladènye fwa nou te rankontre anba semèm pyebwa omèm andwa».

Chak mo li pwononse, chak enstan tidam nan pran pou’l koute,

Kout zong yo gen tan rache, san yo pa wè, ekòs ti pye medsiyenbeni

Kote yo kanpe tèt bese ap pale a san yo youn paka gade lòt nan je.

Zong dwèt yo kite sou pyebwa a desen foto yon bèl tablo

Eskilti nenpòt atis maogani ta ka vann tèt nèg.

Men se tablo lanmoubene yo, tablo transpò moman damou yo desinen ak zong yo.

Yap kitel la pou sètifye kantite tibwa jènjan an kase nan zòrèy tidam nan.

Yap kite l la pou make anplasman abitasyon kay yap gen pou monte al viv ade n’on fwaye.

Mo damou fè kenkent, e, bwat franse misye poko fèmen. Ti kòkòt la kòmanse febli

Delala gaga pèdipye apiye tanto sou pyebwa a, tanto sou misye ki lage yon dènye franse:

« je te soutiens, makòmè » Tidam nan obeyi, li pase men nan do l, li jete soutyen l.

Li tou jete l tou nan bra tinèg la, an prezans

Lalin nan ki bouche je l ak yon moso nyaj twoub.

Emmanuel  Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossier Paperblog

Magazine