Magazine Culture

Nous tous les cinq

Publié le 13 décembre 2012 par Fredlafortune

Montaigne, mwen nonmen non l mwen pa detounen l, kite anpil ide nan sa l ekri. Men, sa memwa retni plis, se konparezon diferans li fè ant yon tèt byen fèt ak yon tèt byen plen.

Noumenm tèt nou twò chaje ak pwoblèm dechifre dibital grafiti majigridi piwèt pou n viv ekri chak jou sou panno legzistans nou. Nou pap gen tan blayi layite kantite non yo bay chak pati nan kò nou pote.

Zòrèy nou s’on fèy. Lestomak nou gen yon kòf. Vant nou, bouch nou gen yon po. Do nou g’on rèl. Men nou tanto s’on enjenyè li gen yon plan; tanto li kwizinyè li gen yon pla. Yo menm di l gen do.

Kanta pou dwèt yo menm yo pase kòm espesyalis nan bagay byen fèt: depi w fè l byen, yo di ou gen 10 dwèt ou. Men, atansyon! Tout dwèt yo pa menm longè. Gen dwèt ki long jiskaske yo vin dwèt long siperyè. E, se nan vòlè mete ke, mete tèt nan zewo yo pi fò. Y’ap vòlè ak 2 men poutan yo konte pa 5. Lòt men an se pou blanchi lave sere sa yo fi n bwote.

Si w ta pran chans fè entèvyou poze kesyon: kiyès nan nou ki pi vòlè? Yap ba w yon ti repons fasil nan stil ‘’cartoon’’ timoun Bug Bunny Micky san fot: « Quand je dis nous, c’est nous tous les cinq…»

Seyanskloz!  kesyon san repons!   Anmèdelemond! Entèvyou fini!

Emmanuel Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine