Magazine Culture

Amitye

Publié le 09 janvier 2013 par Fredlafortune

M’ santi anndan m chalè dous yon flanm dife

Kap vasiye balanse lanbe san flanbe tout fib kè m.

Tout santiman m, afeksyon m, nanm mwen

Zantray mwen, tout anndan m vi n cho.

Men, kè m kontinye ponpe sanfwa l

Ak tout batman l kèpòpòz.

Li pran nan cho deja, li pa vle chode yon lòt fwa.

Men, konbyen fwa pou n konte moun twonpe n

Epi, n’fè kwa seraseta nou pap renmen ankò!

Sa lavi ta ye san lanmou, san èn, san amitye?

Diogène flannen gwo midi nan vil Athènes ak yon balèn limen

Li di l’ap chache yon moun ki gen kè, ki konn renmen.

Men, èske jwen moun nan ase pou solèy amitye klere w san pèsonn pa bare l?

Eske jwenn moun nan sifi pou renmen l sensèman tout bon vre

San w pa pral pèdi tan goumen pou korije refè l jan ou menm ou vle l ye?

Tout richès lanmou ak lamitye sou tè a rete nan varyete moun n’ap rankontre.

Pran tout moun jan yo ye se tolerans sa a nou manke

Ki anpeche n jwi sik dousè lanmou ki gen nan lamitye.

Longè renmen lenlòt, lenpoulòt se 77 fwa 7 fwa

Sa vle di, vi nou sou tè a deja twò kout, li pa ase

Pou n renmen konplètman jan l’dwe ye.

Ann bay tout renmen tout amitye ki anndan nou.

Pr’on ti tan pou w wè, renmen ak amitye se menm bagay.

S’on sèl gwo diferans ki genyen ant yo 2 a:

Lanmou pa nan chwichwichwi, li pa nan kou nan do

E, li mache prèske toujou toujou ak libido.

Amitye pa nan chwichwichwi, li pa nan kou nan do

E, li pa janm janm mache ak libido.

Emmanuel  Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine