Magazine Culture

De pye devan nan douvanjou lavi

Publié le 04 février 2013 par Fredlafortune

20 timoun tonbe de pye long

yo blayi plat atè de pye devan ap

blanchi ak san yo nan douvanjou lavi

erè, pasyon, foli nou

lanmò pi prese

kouri pase pran devan rache vi yo

ak fòs vyolans, fè flè laj yo al sèvi fimye latè

nou kriye, nou pale, fè kòmantè, voye flè

figi yo ret blèm! tout cham yon bèl souri

gen tan fennen tankou bote woz n’on maten

rèl kriye, dlo nan je, pale anpil, pa leve lanmò!

boujon vi yo depatya san bay rekòt

gwo rekòt chan konesans nan tout

domèn lekzistans tap tann lespri yo pwodui

nou neglijan, nou pa pran tan,

nou pa gen tan

nou bay televizyon, jwètvideyo, liv pòno , bebisit yo,

voye je pou nou

pat bisuit nou tonbe nan move moul

yo mal kuit

Yo pran fòm: timoun manman timoun

timinè tinedyè papa! tinedyè ak katyapika

gwo zam fannfwa

tinedyè asasen atyaka sanfwanilwa

anpil nan yo koupe souf yo ak flè  laj yo!

vi yo etenn tankou flanm bouji nan van

bondye louvwi de bwa mande n kite timoun yo vin jwenn li

nan yon sans, nan yon lòt,

gendefwa nou voye yo al anlè a twò bonè

Emmanuel  Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine