Magazine Culture

Tanbou kanaval

Publié le 10 février 2013 par Fredlafortune

tanbou kanaval frape. tout nòt mizik vin cho

pase leve danse. plezi gen tan sou, gaye jouk

l’ap kilbite kapote fè tèt tout moun cho. fè tèt

moun vin klin, pwòp tou, san strès, san chagren.

ren deboulonnen vire won nan tout son. tout

voum se do . ou pa konn kiyès ki yes.

twapa ak zoreken lage nan  fif malandren

zoboukechen pou l pal antre nan kè bann

toucho toubouke ap pouse do, kage, fè gagann

chavire gaye grès plezi madigra nan san  anvan

monpè fè kwa sann abtinans sou vyann mèkredi dèsann.

an kòtchemiz san levit chaloska ap kwaze leuit,

make pa tiwouslo, fè mokwaze bouchon kola

pale langaj ak son panyòl pou eksplike :

‘’ atar a la rata’’  oswa ‘’Anita lava la tina’’sa se

palendwòm espayòl lòtbò fwontyè pou fè moun li

dechifre tout mo pwezi adwat àgòch san pwoblèm.

bò isit, sòti Wanament rive Okap, lè plezi pran chè,

« pèp » la koupe « anana » jouk « nan nannan »  pou

ba w plizyè tranch palendwòm kreyòl ou ka li nan tout

sans; bon mo kaliko sandevan san dèyè kap pran  plezi

amizman kanaval nan degizman tenidadan antre ladann

tout longè pou depatya w ak bon frap cho nan tyouwaw.

podiab ! Tifi fisèl ki fè fòlòp sove kite dòtwa kay mè

pou l al pran plezi kanaval bòdemèrr. l’al fè enpridans

bese pwenti apik ranmase grenn chaplè l ki degrennen

nan mitan bann cho san gade kote l’ap met pye l, san pran

prekosyon ak moun bò kote l, ak twou dèyè l, janmdebwa

pase, janbe l dechalbore l.

mo kanaval alèkile se mo gwo zo , yo pa mèg. ke yo kreyòl, ke

yo franse, yo danse sou nòt mizik san kolòn vètebral, san rèl do.

se gwo mo nen kraze ak vwa gede k’ap defile an dezabiye san zip devan.

tout moun sonje « métaphore » met afè w ,

nan nannan « palindrome » kreyòl. E, m parye avè w

si « Calembour » bossa ta retounen  chante nan fènwa

lakay ou aswè a , li tap wè yon lanp limen . mo kanaval

se kouto fonmasi. yo file debò pou yo amize lespri.

  

                                                                               Emmanuel  Albert (Toto)


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Magazine