Magazine Culture

Solèy potko kouche lè m antre Lazil

Publié le 25 novembre 2013 par Fredlafortune

Yon ti koudèy sou “Ann al  Lazil” ekri pa Fred Edson Lafortune, prefase pa Pierre Richard Narcisse

Solèy la potko kouche lè m antre Lazil. Mwen wè l anlè a, an teni dekontrakte wouj jòn safran kòlèt debraye. Li pat cho, cho ap sye transpire jan l konn ye anba chalè òdpòte disèt degre kanikil flanm dife midi, kou w konn leve tèt gade l li move, li voye vapè reyon cho tenyen popyè w, fè w bese je w.

Non! Okontrè, li te rete ap kalbennde pran lèzkò l, rilaks, pwofite loveye banbile ak nyaj tout kalite: Gwo nyaj flokon ponpon talatàn blan. Te gen tou detwa nyaj grimèl cheve kannèl tayfin bèl vwal flanèl bwode, anfelin anfe san jipon ki menm rive al bay solèy la jòf. Yo oze kanpe devirepozepawaze devan l. Yo karese l. Jwe avè l. Poudre l. Bouche je l. Louvri je l. Anvan ya l met dantèl jònwoujdore dekore tout kote nan lorizon syèlkrepiskil pwent boutfennen yon jounen kitirasafen. Lè m wè gwo nyaj nwa rekalsitran, ki souvan konn menase letan, kouri dezabiye, reyabiye ak gwo kostim gri lizredore, mwen di: Aaaa! Lazil sou brennzeng li. Gon plezi ki pral gaye anvan lanjelis tonbe. M potko fèmen bouch mwen, non bat je, mwen wè yon makòn mo tafyatè pleziyis kap degrenngole desann Mòn Oko, do touni chemiz mare nan ren boutèy alamen. Yo tout ap chante di :

 « ann al mare lapli nan pwent jipon
pou nou ka pran lannuit daso »

Sa w tande a, plezi gaye Lazil nan yon defile parad mo ou pat janm sipoze k te ekziste toujou. Mwen wè mo apòy akrèk aplim apach ki fin dechèpiye lavi; m sezi wè yo k’al pran refij Lazil. Mwen wè tou, lòt mo damou bakoulou kadejakè ki fin abize twonpepezesousetòtòt kè tifi wòwòt, k’ap fè galan chelbè jakopyevèt mache bradsibradsou nan parad Lazil, ak jenn tifanm djougan. Podiab! Inosan, yo pa konnen si yal nan louvriyan, pèdi pye kage nan bon pawòl sikdòj damou. Se kan w pran w  konnen :

«nou prale byen lwen
dèyè yon touf powèm rak bwa
tankou de moun fou
pou n voye voye wòch
kase tèt lanmou »
 

Men, gen yon ekrito tou nan Lazil ki di : « Se pa tout lanmou ki pongongon ».

E, sa a, se vre! Paske’m wè nan defile mo Lazil yon eskwad bèl tablo konjigezon vèb Eme. Eme poulavi jetèm alafoli, bonjan santiman. Eme sensè detoukè jan letoupwisan kreye pou n konjige l nan toutan :

« zetwal ou file li pote lanmou
lè zepeng ti tèt kolboso lanmò
zetwal ou file li pa pote dèy
dèyè do lanmè fè nou filalang »

Gon kamyon ki vin kanpe bò pye m ap debake yon latriye mo ak bandwòl labanyè gwo slogan anbandoulyè drapo tout nasyon linivè. Lè m voye je gade ekrito nan drapo peyi pa m, m te konprann se: L’union fait la force, men yo ekri pito L’union perd la force. Fòs sa a nou bezwen pou n rete makònensoude brase lide jwenn vitès enèji 4×4 pou n dekole retire 1804 nan lagon pongongon li ye twò lontan. Yon sèl kou, tout moun vire tèt yo yon sèl bò ap gade jèn ti mo kap defile; mo tikatkat fèkparèt ki grandi Lazil, k’ap mache, k’ap chante :

« lazil se peyi manman m
se la m sere souvni danfans mwen
se la m sere sekrè foli m »

Yo vrèman pa sanble ak lòt mo lajenès etidyan tinedjè chomè tout klas tout nivo ap repete, yon bann mo akiltire ki fè yo tchipe meprize fason mannyè peyi yo grandi pou adopte lòt mòd abiye pale peyi etranje: Yo ! What’s up? What’s up man? Y’ap mache zèpòl kare, janm ekate pantalon afese bese prèt pou tonbe, men yo anlè ap louvri fèmen wa di se nan fantdwèt yo nòt mizik Rap yap chante a ap sòti:

« monn lan gen yon gou sann…
monn lan gen  yon gou san
lemonson majigridi sèt milia djòl gran louvri … »

Men, anpil moun souke tèt ri lè yo fin pase paske nan do mayo ki sou yo, yo ekri mande chèf leta a pou l met gason sou li, kenbe pantalon l byen sere nan tay li pou l devlope peyi a pou chak moun ka viv  an moun. Tèlman gen mo Lazil, fò w fouye brase antrelèliy pou w deniche mo timid ki kwense kò yo, antre kache nan fantjanm parantèz. Yon gagòt digdal konfeti tout koulè mo alagouj nan parad Lazil! Ladan yo m atrap detwa bèl mo djakati m sere anba «wòch galèt rivyè sèpan». Fò m retounen al wè si yo chanje koulè detenn fèy literati lakay pou lapawòl ak lekriti pwodui plis zepi:

« inosans ou kole sou mwen
tankou de chen kole
tankou ti Jezi nan po krab »

Si w gon ti tan, ou pap fè anyen, ann al ansanm, ann al detann nou nan koudjay plezi lekti Lazil. Pran liv sa a nan men w. Ann ale !  Ann al  Lazil !

Pwofesè, ekriven Emmanuel Albert (Toto)

 


Retour à La Une de Logo Paperblog

A propos de l’auteur


Fredlafortune 849 partages Voir son profil
Voir son blog

l'auteur n'a pas encore renseigné son compte l'auteur n'a pas encore renseigné son compte

Dossiers Paperblog

Magazine